OPIYONW GEN ANPIL ENPOTANS POU NOU

2023,  Haiti

ONÈ, RESPÈ

Map diw yon gro mèsi pou enterèw ak patisipasyonw nan mouvman KPK Konbit la Pap Kanpe

Aprè sa kap pase nan kanal la, nou panse ke devlopman Ayiti dwe tou komanse nan elaji konsyans ak detèminasyon nou poun pran desten nou an men. Visyon an dwe pi gran, pwojè men nan men, tèt ansanm  dwe epapiye nan 4 kwen peyi a pou nou soude tout Ayisyen konsekan ki renmen peyi sa. Poun RAPROCHE nèg andan ak dyaspora, nèg lavil ak nèg andeyo, sa ki rich ak sa ki pov. Nan objektif  poun  fè kreyasyon ak distribisyon larichès, pandan nap di ansanm : AYITI PAP PERI.

Se nan sans sa  nou prezantew pwojè ICO-VILLAGE la. poun baw posiblite pouw rebati peyiw ak retounen lakay. 

NAN SONDAGE sa, nap mandew pouw di nou saw panse sou pwojè a, yon fason poun ka pi byen seviw. MESI POU BON KONPRANN AK KOLABORASYONW.

                                                                                                                                                                           DARIO SAINT-FORT

Show More Comments
We use cookies to deliver services on our site. If you continue to use our services, we assume that you are willing to receive the cookies on this site.
AGREE